20/5/10

PREMYE GRADIASYON LANG KREYOL

Colegio Dominicano de Periodistas (CDP) ak Instituto de Formación Gerencia y Liderazgo Americano (IFGLA) pral realize Premye Gradiasyon Lang KREYOL, kote plizye dizèn moun pral gradye
Konsa tou, yo pral rekonèt anbasadè Ayiti, doktè Fritz Cineas pou ekselan egzèsis diplomatik li.

Aktivite sa a pral fèt nan salón Orlando Martínez, del Colegio Dominicano de Periodistas (CDP) a sisè nan aprè midi 29 me ane sa a.

Lisansye Aurelio Henriquez, presidan CDP, ak Alcedo Magarin, rektè IFGLA fè konnen ke nan “Premye Kou Kreyol sa “ plizyè dizèn jounalis, achitèk, enjenyè, avoka, politisyen, machann ak antreprenè te enskri epi yo te rete etidye pandan kat mwa kote yo te aprann pale ak ekri Kreyol.

Yo anonse ke enskripsyon yo ouvri pou lot kou ki pral komanse a epi tout moun ki vle aprann Kreyol kapab patisipe.

Yo eksplike ke yo pral bay yon Dezyèn Kou Kreyol Avanse sou konvèsasyon, histwa, literati nan lang pèp ayisien an.
Henriquez ak Magarin anonse ke klas yo pap kanpe. Lendi kap 14 jen an nouvo kou kreyol yo ap komanse nan orè 6-8 aswè soti lendi pou rive vandredi epi 9-11 nan maten jou samdi ak dimanch.
APRANN KREYOL NAN SELMAN KAT MWA

Henriquez ak Magarin fè konnen ke Kreyol se yon lang ki fasil pou aprann e nan kat moun kapab aprann pale li ak ekri li.

Yo endike ke yon genyen yon gwoup pwofesè ki gradye nan lang nan inivèsite aysièn ak dominikèn. Epi pwofesè yo genyen eksperians fè kou nan diferan sant edikaf.
Yo enfome que yo te prepare yon pwogram etid lang Kreyol ak yon nouvèl metod pou aprann moun kreyol, kote etidyan an ap swiv kou dezè de tan chak seme, epi li va resevwa liv, kasèt, video ak CD, pou etidyan yo kapb genyen plis fasilite.

Henriquez ak Magarin di ke Kou Kreyol la ap gratis pou manb CDP, selman yo ap achte material yo epi madanm/mari ak pitit kominikatè sosial yo ap resewa demi bous. Kou a koute 5 mil peso pou piblik an jeneral. Enskripsyon yo ouvri nan Colegio Dominicano de Periodistas (CDP). Pou plis enfomasyon rele lisansye Fatima Rodriquez nan nimewo telefon sa yo: 809-508-1287 y 829-876-3195