Pa: VENECIA ALVAREZ
Byològ, Pwofesè, Envestigatè, Etidyan Kreol.
Byològ, Pwofesè, Envestigatè, Etidyan Kreol.
Mwen te chwazi ekri sou sijè sa a paske li atrire atansyon mwen lefèt ke piblikasyon yo, ke mwen te li sou tèm sa a ekri nan lang Espanyòl oubyen franse, Mwen pa te jwenn piblikasyon yo an kreyòl, se pou sa ke mwen vle fè travay sa a pou kontribye nan diffuzyon enfòmasyon sou relasyon Dominikèn- ayisyen nan lang kreyòl, pou ke jenerasyon prezan ak fiti kapab jwenn enfòmasyon sou obligasyon resipwòk yo ant Dominiken ak Ayisyen
Egalman, mwen pwokipe anpil paske Ayiti se sél peyi ki gen fontyè ak Repiblik Dominikèn. moun ki rete nan toulède peyi yo konnen yon ti kras, pou rezon sa a mwen vle fè travay sa a pou ede pèp sa yo nan Karayib la. Nan sans sa a mwen dakò ak entelektyèl Ayisyen Fred Brutus, lè li te mande Ayisyen ak Dominiken yo simonte sitiyasyon an nan de peyi yo ki toupre ak an menm tan trè lwen. Pou rezon sa a mwen kwè li enpòtan, etidye epi pibliye sou relasyon Dominiko-Ayisyen yo, pou rive jwenn yon akò lapè pèmanan .
Relasyon Dominiko-Ayisyen yo gen orijin nan Ewòp espesyalman ant Lafrans ak Espay nan 1678, ak akò pou lapè ki rele Nimega. Akò sa a te fini ak lagè ant Lafrans ak Espay, 11 zan aprè , akò sa a te kraze e Lafrans te bay lòd a gouvènè l ' pou anvayi ak konkeri teritwa Panyòl la nan lil/zile a, se konsa lagè a te rekòmanse. Lòd kwonolojikke yo siyen lòt akò sou relasyon Dominiko Ayisyen yo Ryswick. 1697. Espay te pase a Lafrans pati lwès lil.la Aranjuez. 1777. Sou lizyè ant parti lwès la ak part lès la lil la. Basilea. 1795 sou lapè.
Espay te pase a Lafrans pati lès lil la. Akò Paris.1814.Lafrans te pase ankò a Espay pati lès lil la . Akò lapè Perpetyèl ak Zanmitay ant Repiblik Dominikèn ak Ayiti. 1867. Akò pou lapè, Zanmitay, Komès Navigasyon ak ekstradisyon yo. 1874. Atravè akò sa a Repiblik Dominikèn ak Ayiti, te deklare ke yo pou kont yo gen souverènte nan lil la. Akò pou Abitraj ant Repiblik Dominikèn ak Haiti.1895. Pou kapab etabli liy ki separe fwontyè tou de. Akò ki te kreye premye komite miks Dominiko-Ayisyen.
Espay te pase a Lafrans pati lès lil la. Akò Paris.1814.Lafrans te pase ankò a Espay pati lès lil la . Akò lapè Perpetyèl ak Zanmitay ant Repiblik Dominikèn ak Ayiti. 1867. Akò pou lapè, Zanmitay, Komès Navigasyon ak ekstradisyon yo. 1874. Atravè akò sa a Repiblik Dominikèn ak Ayiti, te deklare ke yo pou kont yo gen souverènte nan lil la. Akò pou Abitraj ant Repiblik Dominikèn ak Haiti.1895. Pou kapab etabli liy ki separe fwontyè tou de. Akò ki te kreye premye komite miks Dominiko-Ayisyen.
9 akò depi 1678 jiska 1898. Pa te gen okenn akò diran 30 ane
Nòt sou bibliyografi nan Relasyon Dominiko- Ayisyen. Selon Pablo A. Mariñez 1986, se nan ane 60s lè li te pibliye premye etid sou pwoblèm Ayisyen ak Dominikèn, Etid sa a te pibliye nan liv Revolisyon Ayisyen ak Santo Domingo, ki te swiv pou lòt piblikasyon yo, sepandan Mariñez rapòte sou mank nan etid Global yo ak konparatif e mank envestigasyon ak etid sou relasyon ant de peyi yo espesyalman sou mouvman ¨caudillistas¨ yo anvan okipasyon Ameriken an Lòt Otè yo ke mwen te konsilte, te dako sou bezwen pou plis ak pi pwofon envestigasyon sou relasyon Dominiko-Ayisyen, y ki epi nan rapò nan enfòmasyon yo, sa yo yo gaye. "Anpil enfòmasyon sèlman jwenn sèlman nan lespri nan Dominiken ak Ayisyen yo, ki moun ki pafwa difisil konsilte li. Lockwar, Angel 1993. Mariñez nan ane 1986 te gwoupe zafè a sou relasyon Dominik Ayisyen an:
Mwen ajoute relasyon anviwònman yo, enstriman legal yo pou pwoteksyon anviwònman, resous natirèl, chanjman nan klima, dezas natirèl yo ak devlopman dirab nan de peyi yo. Rekòmandasyon Pou ankouraje ak pi gwo sipò pou fè envestigasyon syantifik yo sou pwoblèm ki konsène relasyon Dominiko-Ayisyen yo. Tou, rechèch sou rezilta a nan envestigasyon syantifik yo fe sou anviwònman ak resous natirèl nan fwontyè nan lil la.
Mwen espere ke kontribisyon senp sa a, sou relasyon Dominiko-Ayisyen pral yon motivasyon pou ekri, ak pibliye nan lang kreyòl epi kontinye etidye ak fe envestigasyon syantifik sou dosye sa a, pou lape ak devlopman dirab nan tou de peyi yo.
*
Biblyografi
Pou fè travay sa a, mwen te konsilte literati suivan yo.
- Convenios Bilaterales 2000.Entre la Republica Dominicana y la Republica de Haití.
- Sekretarya Deta Relasyon Eksteryè. Konsiltasyon atik ki pibliye nou rezo sosyal. 2013.
- Departamento de Asuntos Jurídicos. MIREX.2013. Folleto 5 páginas no publicado.
- Fred Brutus. 2013. Participación en conversatorio
- González Geraldino1999. Haití SOS Ambiental y Social. Mariñez Pablo. 1986.
- Relaciones Dominico- Haitianas y Raíces Histórico.
- Culturales Africanas en la Republica Dominicana. Bibliografía Básica. Lockward Angel.1993.
- Haiti, Cronología de una Crisis. Páez Pantini.2006. Relaciones dominico-haitianas: 30 años de historia.
-Ventura S. Luis.sf. En un Pueblo Indolente y Servil. Autoridades Indolentes y Servil
No hay comentarios.:
Publicar un comentario