9/1/14

Akò Entènasyonal sou Relasyon Dominiko- Ayisyen

Pa: VENECIA ALVAREZ 
Byològ, Pwofesè, Envestigatè, Etidyan Kreol. 

Mwen te chwazi  ekri sou sijè sa a paske   li atrire atansyon mwen  lefèt ke piblikasyon yo, ke mwen te li sou tèm sa a  ekri nan lang Espanyòl oubyen franse, Mwen pa te jwenn piblikasyon yo an kreyòl,  se pou sa ke mwen vle fè travay sa a pou kontribye nan diffuzyon  enfòmasyon   sou relasyon Dominikèn- ayisyen nan lang kreyòl,  pou ke jenerasyon prezan ak fiti kapab jwenn enfòmasyon sou obligasyon resipwòk yo ant Dominiken ak Ayisyen

Egalman, mwen   pwokipe anpil paske Ayiti se sél peyi  ki gen fontyè ak Repiblik Dominikèn. moun ki rete nan  toulède peyi  yo konnen  yon ti kras, pou rezon sa a mwen vle fè travay sa a  pou ede  pèp sa yo nan Karayib la. Nan sans sa a mwen dakò ak entelektyèl Ayisyen Fred Brutus, lè li te  mande  Ayisyen ak Dominiken yo simonte sitiyasyon an nan de peyi yo ki  toupre  ak an menm tan trè lwen. Pou rezon sa a mwen kwè li enpòtan, etidye epi pibliye sou relasyon Dominiko-Ayisyen yo, pou rive jwenn  yon akò lapè pèmanan .

Relasyon  Dominiko-Ayisyen  yo gen orijin  nan Ewòp espesyalman ant Lafrans ak Espay nan 1678, ak akò pou lapè ki rele Nimega. Akò sa a te fini ak lagè  ant Lafrans ak Espay, 11 zan aprè , akò sa a te kraze e Lafrans te bay lòd a gouvènè l ' pou anvayi ak konkeri teritwa  Panyòl la nan lil/zile a, se konsa lagè a te rekòmanse. Lòd kwonolojikke  yo siyen  lòt akò  sou relasyon Dominiko Ayisyen yo Ryswick. 1697. Espay te pase a Lafrans  pati  lwès  lil.la  Aranjuez. 1777.  Sou lizyè  ant parti lwès la ak part  lès la lil la.  Basilea. 1795 sou lapè.

Espay te pase a Lafrans pati lès  lil la. Akò Paris.1814.Lafrans te pase ankò  a Espay pati lès  lil la . Akò lapè Perpetyèl ak Zanmitay ant Repiblik Dominikèn ak Ayiti. 1867. Akò pou lapè, Zanmitay, Komès Navigasyon ak ekstradisyon yo. 1874. Atravè akò sa a Repiblik Dominikèn ak Ayiti, te deklare ke yo pou kont yo gen souverènte nan lil la. Akò pou Abitraj ant Repiblik Dominikèn ak Haiti.1895. Pou kapab etabli liy ki separe fwontyè  tou de. Akò ki te kreye premye komite   miks Dominiko-Ayisyen.

9 akò  depi 1678 jiska 1898. Pa te gen okenn akò diran 30 ane











Nòt sou bibliyografi  nan Relasyon Dominiko- Ayisyen. Selon  Pablo A. Mariñez 1986, se nan ane 60s lè li te pibliye premye etid  sou pwoblèm  Ayisyen ak Dominikèn, Etid sa a te pibliye  nan liv Revolisyon Ayisyen ak Santo Domingo, ki te swiv pou lòt piblikasyon yo, sepandan Mariñez rapòte sou mank nan etid Global yo ak konparatif e mank envestigasyon ak etid   sou relasyon ant de peyi yo espesyalman sou mouvman ¨caudillistas¨ yo anvan okipasyon Ameriken an Lòt Otè yo ke mwen te konsilte,  te dako  sou bezwen  pou plis ak  pi pwofon envestigasyon  sou relasyon Dominiko-Ayisyen, y ki epi nan rapò nan enfòmasyon yo, sa yo  yo gaye. "Anpil enfòmasyon sèlman jwenn sèlman nan lespri nan Dominiken ak Ayisyen yo, ki moun ki pafwa difisil konsilte li. Lockwar, Angel 1993. Mariñez nan ane 1986 te gwoupe  zafè a  sou  relasyon Dominik Ayisyen an:











Mwen  ajoute relasyon anviwònman yo, enstriman  legal yo pou pwoteksyon anviwònman, resous natirèl, chanjman nan klima, dezas natirèl yo ak devlopman dirab nan de peyi yo.  Rekòmandasyon Pou ankouraje ak pi gwo sipò pou fè envestigasyon syantifik yo sou pwoblèm ki konsène relasyon Dominiko-Ayisyen yo. Tou, rechèch sou rezilta a nan envestigasyon syantifik yo fe sou anviwònman  ak resous natirèl nan fwontyè nan lil la.

Mwen espere ke kontribisyon senp sa a, sou relasyon Dominiko-Ayisyen pral yon  motivasyon  pou ekri, ak pibliye nan lang kreyòl  epi kontinye  etidye ak  fe envestigasyon syantifik  sou dosye sa a, pou lape ak   devlopman dirab nan tou de peyi yo.

Biblyografi
 Pou fè travay sa a, mwen te konsilte  literati suivan  yo. 
- Convenios Bilaterales 2000.Entre la Republica Dominicana y la Republica de Haití. 
- Sekretarya Deta Relasyon Eksteryè. Konsiltasyon atik ki pibliye nou rezo sosyal. 2013. 
- Departamento de Asuntos Jurídicos. MIREX.2013. Folleto 5 páginas no publicado.  
- Fred Brutus. 2013.   Participación en conversatorio 
- González Geraldino1999. Haití SOS Ambiental y Social. Mariñez Pablo. 1986. 
- Relaciones Dominico- Haitianas y Raíces Histórico.  
- Culturales Africanas en la Republica Dominicana. Bibliografía Básica. Lockward Angel.1993. 
- Haiti, Cronología de una Crisis. Páez Pantini.2006. Relaciones dominico-haitianas: 30 años de historia. 
-Ventura S. Luis.sf. En un Pueblo Indolente y Servil. Autoridades Indolentes y Servil

No hay comentarios.:

Publicar un comentario